top of page
pexels-alteredsnaps-14183367_edited.png

Sou demann, mikwotranzit pòt an pòt pou Far Eastside la ak Eastside

Driven 2 Success se yon solusyon mika tranzit ki pèmèt ak abitan Far Eastside ak Eastside yo jwenn aksè ak sèvis esansyèl yo. "Driven 2 Success" te bay plis pase 7,000 vwayaj pou rezidan ki pa gen desèvi depi 1ye avril 2022 nan kote esansyèl yo.

D2S Anons

Creating Change for Transporation Event

Pathway Resource Center is hosting the Creating Change for Transportation event to provide a safe space to discuss how we can address transportation access gaps in our community.

Date: Thursday, May 16, 2024 @12pm-1:30pm

Location: Center Township Trustee's Office, 300 E. Fall Creek Parkway North, Indianapolis, IN, 46205

Learn more and register here.

Transportation Conversations - May 2024.png

Kòman pou kondi

1

Enskri

Ranpli fòmilè enskripsyon an anliy pou enskri nan pwogram Driven 2 Success an. Asire w, ou ranpli kondisyon kalifikasyon Driven 2 Success yo.

2

Bon dacha

Yon fwa ou te enskri, ou dwe achte bon ou an ki kapab itilize pou nenpòt ki trajè Driven 2 Success. Bon pou yon sèl chimen koute $2. Bon pou tikè ale/retou koute $4.

3

Planifye trajè ou an

Ranpli yon fòmilè demann trajè pou planifye trajè ou an soti nan yon espas apwouve: travay, swen medikal yo, gadri, lekòl, lesiv, biwo administrasyon, bibliyotèk, sant kominotè, mache alimantè, gad manje, ak sit esansyèl.

 

Tanpri note se yon demann trajè, se pa yon garanti. Apre ou fin fè yon demann, ou pral resevwa yon SMS k ap konfime oswa refize trajè ou an pa SimpleText.

Zòn Sèvis Driven 2 Success yo

Zòn sèvis Driven 2 Success an etann li sou yon distans de 8 km alantou Pathway Resource Center, ki chita nan 10119 John Marshall Drive nan kòd postal 46235.

Ou dwe ap viv nan youn nan kòd postal sila yo: 46205, 46216, 46218, 46219, 46226, 46229, 46235 ak 46236.

Zòn 1

sebastian-herrmann-z_9wP9YAhQ8-unsplash_edited.jpg

North Pendleton Pike, Sid rive Washington, Lès rive Carroll Road/200 E. McCordsville, Lwès rive Ritter Street/Community East Hospital

Zòn 2

nik-shuliahin-rkFIIE9PxH0-unsplash_edited.jpg

Nò rive 38tyèm ri. Sid rive Keystone, Lès rive Arlington, Lwès rive 16tyèm ri.

Zòn 3

thomas-kinto-6MsMKWzJWKc-unsplash_edited.jpg

Sid rive Meridyan, Nò rive 46zyèm, Lès rive Sherman, Lwès rive 30tyèm ri

Lè fonksyònman

Lendi jiska Vandredi

Premye tou a kòmanse ak 8:30 nan maten epi dènye tou a kòmanse ak 5:15 nan apre midi

pexels-nikita-soloviov-3378886 (1).jpg

An vedèt

1 Me 2022
imageedit_54_9597138456.png
“IndyGo fè pati aktè lokal yo k ap ogmante opsyon mobilite pataje yo nan katye Far Eastside nan Indianapolis”
8 Mas 2022
IndyStar_logo.svg.png
“Pwogram mikwotranzit la reponn ak mank aksè ak transpò Far Eastside Indy a”
4 Mas 2022
download (2).png
“Lansman yon pwogram pilòt mikwotranzit nan katye Far Eastside la ki nan ndianapolis”
GlickFundHorzPrint-1030x322.jpeg
Pathway_LOGO.png
UWCI_v_logo (3).jpg
The-Indianapolis-Foundation-logo-e1575331524958.png
240838f7-60ef-44e8-842f-76e0011564e6.png
IndyGo-LOGO-blue.png

Poukisa Pou Itilize Driven 2 Success?

Pratik

Driven 2 Success bay yon sèvis transpò fyab epi ak lè nan Far Eastside ak Eastside. Nou pwopoze yon sèvis "de twotwa sa ak twotwa sa" sa ki siyifi yo pran ou depi devan pòt ou epi depoze ou dirèkteman kote ou prale a.

Aug_23_2023_12_29_27.jpg
Aug_23_2023_12_29_24_1.jpg

Bon mache

Bon transpò pou yon sèl ale yo se $2 epi bon transpò pou ale/retou se $4. Yon sèvis pòt a pòt pou yon pri konparab ak pa bis la.

Sekirite

Tout bis "Driven 2 Success"yo gen materyèl siveyans odyo ak videyo. Tout chofè nou yo fòme epi gen eksperyans epi yo dwe respekte règ kondwit chofè yo.

Aug_23_2023_12_28_55_2.jpg
Aug_23_2023_12_29_06.jpg

Fasil pou itilize

Li fasil pou enskri, achte bon yo epi planifye yon trajè. Ou kapab fè tout bagay sou sit wèb nou an.

imageedit_56_4814545137.png

Apwopo pwogram lan

Driven 2 Success Far Eastside Get-a-Round se yon pwogram Pathway Resource Center. Pathway ap sèvi kominote Far Eastside la depi plis pase 20 lane.


Misyon Pathway se kreye opòtinite pou reyisi nan Far Eastside ak kominote alantou yo lè y ap founi lojman bon mache, resous ak fòmasyon k ap favorize otosifizans rezidan defavorize yo, moun ki mal desèvi yo ak moun ki defavorize ekonomikman yo gras ak pwogram ranfòsman familyal yo, prevansyon kriminalite, devlopman jenès, fòmasyon pou travay ak edikasyon. Lè y ap konble "divizyon dijital la" epi redwi depandans parapò ak èd sosyal ak krim.

Rezève trajè ou an

Chak itilizatè, enkli timoun yo dwe enskri nan pwogram D2S avan yo pwograme yon soti. Majorite notifikasyon yo konsènan sèvis la ap kominike pa Simple Text. Chak itilizatè dwe antre nan Simple Text pandan enskripsyon an.


Achte yon bon pou yon sèl ale oswa ale/retou epi planifye trajè ou an anliy pou yon espas apwouve: travay, swen medikal yo, gadri, lekòl, lesiv, biwo administrasyon, bibliyotèk, sant kominotè, mache alimantè, gad manje, ak sit esansyèl. Ou kapab rele tou demann transpò ou an nan 317.890.1624, soti lendi pou rive jedi, 9:00 nan maten pou 2:30 nan apre midi.


Ou dwe mande transpò ou an omwen 12 èdtan, men pa plis pase 3 jou (72 èdtan) alavans. Soti menm jou yo nesesite yon preyavi 90 minit epi rezève selon disponibilite yo.
 

Yon demann trajè se pa yon garanti. Yon fwa ou te fè yon demann, ou pral resevwa yon mesaj (jeneralman menm jou an) pa SimpleText k ap konfime oswa refize trajè ou an.
 

Vwayaj pou jou ki vin apre a pwograme a 4:30 pm nan jou anvan an epi konfime pa 6 pm. Nou pa aksepte demann woulib ankò ki fèt nan aswè oswa nan wikenn.

craig-whitehead-ODv24kXgz9o-unsplash.jpg
Aug_23_2023_12_29_03_9_(1)-transformed (2).jpeg

Deplase avèk Driven 2 Success

Jou ou konfime vwayaj la, bis la ka rive jiska 15 minit anvan lè ou konfime. Yo pral espere w monte nan otobis la nan lè w konfime. Y ap ba w yon peryòd gras 5 minit pou w monte anvan otobis la pati.

Règ pou kondiktè yo konnen:

  • Nenpòt moun ki gen soupson sou li oswa pwouve li sou enfliyans dwòg oswa alkòl p ap otorize pou kondi.

  • Veteran yo ap vwayaje gratis. Veteran ki enskri yo dwe prezante kat idantite militè yo a ke gouvènman an bay la pou yo kapab patisipe nan trajè a.

  • Bèt kay yo pa otorize nan espas Driven 2 Success a, eksepte bèt asistans yo ki gen yon pyès idantite.

La Keisha Jackson, MBA

D2S Micro Transit CEO & Fondatè

pexels-n-k-14119572.jpg

Kalifikasyon pou Driven 2 Success

house (1).png

Ou dwe ap viv nan youn nan kòd postal sila yo: 46205, 46216, 46218, 46219, 46226, 46229, 46235 ak 46236.

18.png

Pasaje yo dwe gen 18 lane oswa pi gran.

 

Jèn ki gen 14 ak 17 lane yo kapab sèlman ale lekòl epi retounen avèk otorizasyon yon paran oswa yon gadyen. Pasajè minè a dwe enskri nan pwogram Driven 2 Success a.

kid.png

Si w ap vwayaje avèk jèn timoun yo, yo dwe enskri nan pwogram la epi yo dwe gen yon chèz pou machin oswa yon chèz pou bay wotè si yo gen mwens 7 lane.

Kesyon yo poze souvan

Ki jou ak lè sèvis transpò Driven 2 Success a disponib?

Driven 2 Success Far Eastside Get A Round fonksyone soti lendi pou rive vandredi, premye trajè a kòmanse ak 8:30 nan maten epi denyè a ak 5:15 nan apre midi selon distans la parapò akk Pathway Resource Center a (dènye trajè ale nan direksyon 46218 oswa 46205 kòmanse ak 5è nan napre midi).

Driven 2 Success Far Eastside Get a Round ap fèmen pou jou ferye sila yo:

  • Nouvèl an

  • Jou Souvni

  • Fèt Endepandans

  • Fèt Travay

  • Jou Aksyon de Gras

  • Jou apre Jou Aksyon de Gras

  • Fèt Nwèl

  • Dènye Semèn Desanm

Èske veyikil yo aksesib pou moun ki sou chèz woulan yo?

Wi. Tout bis Driven 2 Success Far Eastside Get A Round yo gen leve moun ki reponn ak nòm ADA yo.

Kisa k ap pase si mwen dwe anile oswa modifye yon trajè mwen te deja rezève?

N ap mande ou pou w anile vwayaj ou an pou pi piti 2 èdtan avan lè ki te pwograme pou yo pase pran w lan. Pou anile demann ou an, rele nan 317-890-1624 oswa voye yon Simple Text.

Ki fòm peman yo aksepte?

Nou aksepte prensipal kat kredi ak debi yo, epi PayPal.

Èske mwen kapab pwograme trajè peryodik pou aktivite regilye mwen yo, tankou travay oswa randevou medikal yo?

Malerezman, nou pa kapab garanti yon trajè pwograme nan menm lè a, menm jou an oswa plizyè jou nan semèn lan. N ap rekòmande ou pou fè demann transpò ou an pi bonè posib pou ogmante chans pou w jwenn yon transpò konfime pou angajman ou yo.

Èske pwogram nan pral disponib pandan move tan oswa nan ka ijans?

Vwayaj yo ka anile nan ka ta gen move tan. Yo pral notifye ou si vwayaj ou an anile atravè yon SimpleText.


Nou pa ofri transpò ijans. Si ou gen yon ijans, tanpri rele 911.

Kisa k ap rive si mwen pa vini pou yon trajè oswa si mwen an reta pou trajè ki te pwograme a?

Si ou pa vini pou yon trajè san notifikasyon anilasyon (2 èdtan oswa plis avan lè ki te pwograme pou pase pran w lan), ou pral resevwa yon penalite ki kapab tanmen sispansyon oswa mete fen ak sèvis la.


Ou dwe monte nan bis la nan senk minit apre lè konfime a. Yon fwa bis la rive, li pa pral tann pi plis pase 10 minit pou ou monte.

Ki demann transpò ki priyoritè? Kòman transpò yo pwograme?

Pwogramasyon trajè yo chita sou disponibilite chofè yo, wout ki pi efikas nan tout trajè konbine yo, enpòtans trajè a (lekòl, travay ak randevou medikal yo gen priyorite), nan lòd kote trajè te mande a ak disponibilite plas yo.

Èske mwen kapab bay kòmantè oswa siyale nenpòt pwoblèm avèk sèvis la?

Nou envite ou pou bay kòmantè ou sou sèvis nou an. Pou fè sa, tanpri rele 317.890.1624


Ou kapab ranpli yon plent anliy isit la.

Kòman mwen kapab enfòme sou chanjman wout ki fèt yo, orè yo oswa nan pwogram lan an jeneral?

Majorite notifikasyon yo konsènan sèvis la ap kominike pa Simple Text. Chak itilizatè dwe antre nan Simple Text pandan enskripsyon an.

Sèvis Charter nan "Driven 2 Success"

Otobis nou yo ofri yon solisyon transpò konfòtab ak serye pou vwayaj gwoup ou yo. Nou ofri konvenyans ak sekirite, ak bay sèvis charter chak jou nan semèn nan, ki gen ladan aswè ak wikenn. Se pou "Driven 2 Success" dwe patnè ou nan fè levasyon pwochen gwoup ou a yon yon sèl san pwoblèm ak memorab.

Mèsi pou soumèt!

bottom of page