top of page

Driven 2 Success Gid Vwayajè

Mèsi paske w ap itilize sèvis transpò mikwotranzit Driven 2 Success Far Eastside Get A Round lan!
 

Men kèk politik ak pwosedi pou itilizasyon sèvis la.  Si ou gen kesyon oswa preyokipasyon, tanpri kontakte yon planifikatè nan Pathway Resource Center.  Ou kapab vizite nou an pèsonn nan 10119 John Marshall Drive Indianapolis, IN 46235 oswa rele nou nan 317.890.1624 ant 9è nan maten pou rive 4è nan apre midi, soti lendi pou rive jedi

Kisa ou dwe konnen avan ou vwayaje ak Driven 2 Success Far Eastside Get A Round:

EChak vwayajè dwe enskri nan pwogram lan.  Sa konsène timoun yo, soti nan chèz machin yo rive nan granmoun yo.  Chak moun k ap itilize sèvis la dwe enskri.  Ou dwe rezide nan kòd postal sila yo: 46205, 46216, 46218, 46219, 46226, 46229, 46235 ak 46236. Ou kapab enskri sou www.driven2success.info sou òdinatè oswa telefòn.  Si ou pa gen aksè ak youn nan opsyon sa yo oswa si ou gen difikilte pou navige nan sistèm enskripsyon, ou kapab ale nan Pathway Resource Center a (10119 John Marshall Drive Indianapolis, IN 46235) soti 9è nan maten pou rive 4è nan apre midi, lendi rive jedi epi yon planifikatè pral ede ou.  Si ou gen mwayen transpò pou w ale nan Pathway la, nou kapab vin jwenn ou.  Rele nou pou planifye yon enskripsyon mobil nan
317.890.1624.  
Ou pa kapab enskri nan telefòn.

 

Chak vwayajè dwe achte yon bon pou chak trajè yon sèl ale ki fèt sou Driven 2 Success Far Eastside Get A Round la.  Bon yo se $2 pou trajè yon sèl ale.  Bon yo kapab achte anliy sou www.driven2success.info pa grenn oswa 10 pou $18.00 ($2.00 rabè).  Se chofè ou an ki pral remèt ou bon yo pandan premye trajè ki pwograme a apre acha ou an oswa ou kapab pase pran yo nan biwo Pathway Resource Center a soti lendi pou rive jedi, ant 9è nan maten pou rive 4è nan apre midi.  Yo pa kapab voye bon yo pa imèl.

Veteran yo pa bezwen achte bon yo.  Veteran yo ap vwayaje gratis.

Veteran ki enskri yo dwe prezante kat idantite militè yo a ke gouvènman an bay la pou yo kapab patisipe nan trajè a.

Majorite notifikasyon yo konsènan sèvis la ap kominike pa Simple Text.  Chak itilizatè dwe antre nan Simple Text pandan enskripsyon an.  Si ou dezabòne nan sèvis la, ou pa pral resevwa konfimasyon ni kominikasyon konsènan trajè ou an.

Zòn ak Lè Sèvis Yo

Driven 2 Success Far Eastside Get A Round ap fonksyone atravè twa seri fwontyè sila yo.

North Pendleton Pike, Sid rive Washington, Lès rive Carroll Road/200 E. McCordsville, Lwès rive Ritter Street/Community East Hospital

Nò rive 38tyèm ri. Sid rive Keystone, Lès rive Arlington, Lwès rive 16tyèm ri.

Sid rive Meridyan, Nò rive 46zyèm, Lès rive Sherman, Lwès rive 30tyèm ri

Driven 2 Success Far Eastside Get A Round ap fonksyone soti lendi pou rive vandredi, premye trajè a kòmanse 8:30 epi dènye 5:15 nan apre midi, selon distans lan parapò ak biwo prensipal la (dènye trajè a nan direksyon 46218 oswa 46205 ap kòmanse ak 5è nan apre midi). Driven 2 Success Far Eastside Get A Round pral fèmen pou jou ferye sila yo:

  • Nouvèl an

  • Jou Souvni

  • Fèt Endepandans

  • Fèt Travay

  • Jou Aksyon de Gras

  • Jou apre Jou Aksyon de Gras

  • Fèt Nwèl

  • Dènye Semèn Desanm

Nòt: Jou siplemantè yo kapab ajoute epi pral kominike pa Simple Text.

Jesyon Rezèvasyon Ou Yo

Trajè yo dwe fèt nan yon kote ki apwouve: Travay, Swen Medikal, Gadri, Lekòl, Mache Allimantè ak Sant Èd Alimantè.

Trajè yo dwe mande pou pi piti 12 èdtan, men pa plis pase 3 jou (72 èdtan) alavans.

Trajè yo menm jou an dwe anonse 90 minit alavans.

Trajè pou demen yo pwograme ak 4:30 nan apre midi lavèy epi konfime ak 6è nan apre midi pou pita.  Si ou planifye trajè ou an apre 4:30 nan apre midi, li pral konfime oswa refize apre 9è nan aswè lavèy demann ou an, selon disponibilite yo epi selon règ planifikasyon ki mansyone anba yo (sof pandan wikenn, kote li pral konfime oswa refize lendi ant 6è ak 8è nan maten).

Demann trajè ou an kapab fèt sou www.driven2success.info.  Tanpri note se yon demann transpò epi se pa yon garanti.  Pwogramatè a pral voye yon mesaj pa Simple Text pou konfime oswa refize trajè ou an. Ou kapab rele tou demann transpò ou an nan 317.890.1624 soti lendi pou rive jedi ant 9è nan maten pou rive 4è nan apre midi. Yoon Pwogramatè pral ede ou nan demann transpò ou an.

Pwogramasyon trajè yo chita sou disponibilite chofè yo, wout ki pi efikas nan tout trajè konbine yo, enpòtans trajè a (lekòl, travay ak randevou medikal yo gen priyorite), nan lòd kote trajè te mande a ak disponibilite plas yo.  Li rekòmande pou fè demann transpò ou an pi bonè posib selon règleman demann transpò ki mansyone anwo yo.

Anile Trajè Ou An

Driven 2 Success Far Eastside Get A Round ap mande ou pou w anile vwayaj ou an pou pi piti 2 èdtan avan lè ki te pwograme pou yo pase pran w lan.


Pou anile demann ou an, rele nan 317-890-1624 oswa voye yon Simple Text.

Kòman Pou Vwayaje / Pase Pran

Bis la kapab rive nan 15 minit avan oswa nenpòt ki moman nan orè konfime a.  Pa egzanp, si orè konfime ou an se 8è-8è15, bis la kapab rive ak 7:45 oswa 8:13.

Ou dwe monte nan bis la nan senk minit apre lè konfime a. Si ou pa nan bis lan senk minit apre kòmansman orè konfime ou an, yon responsab orè a pral eseye kontakte ou epi bis la pral tann 5 minit siplemantè, epi enskri sou lis moun ki pa prezan yo epi pral ale.

Si ou pa prezante epi gen lòt vwayaj pwograme, yo pral anile yo tou.

  • Ou kapab refize yon trajè san penalite si li rive nan yon lè ki pa nan orè konfime a.

Sanksyon pou move itilizasyon sèvis la

Anilasyon yon vwayaj - Definisyon yo

Gen twa tip anilasyon ki kapab tanmen penalite:

  • Anilasyon reta: Rele pou anile mwens ke 2 èdtan avan fenèt pase pran ou an.

  • Pa prezante: Pa prezan nan fenèt lè pou yo pase pran w lan apre 10 minit rive bis la san notifikasyon anilasyon apwopriye.

  • Anile nan pòt la: Itilizatè a oswa yon reprezantan itilizatè a (paran, gadyen, elatriye) endike operatè a transpò pa nesesè apre bis la fin rive.

Tip anilasyon sa yo kapab tanmen yon sispansyon oswa yon fen nan sèvis la.

Sispansyon yo

Driven 2 Success Far Eastside Get A Round gen yon enpak sou tout itilizatè yo epi kapab tanmen sispansyon privilèj transpò yo. Aksyon sa yo konsidere kòm move itilizasyon:

  • Jwenn oswa itilize sèvis Driven 2 Success Far Eastside Get A Round lan sou fo pretèks, tankou fè fo deklarasyon oswa twonpe sou demann kalifikasyon ou an epi pèmèt ak moun ki pa kalifye vwayaje sou non ou.

  • Pa prezante/anilasyon an reta oswa anilasyon nan pòt la plis pase 2 fwa chak mwa.

  • Pa respekte règ kondwit nan bis la.

  • Itilizasyon pwofanasyon oswa joure lè y ap pale ak yon anplwaye Driven 2 Success Far Eastside Get A Round.

  • Nenpòt kontak ki pa gen konsantman, pwofanasyon oswa joure ak yon lòt vwayajè.

  • Menas oswa kontak fizik yo avèk chofè transpò yo, pèsonèl la oswa lòt chofè yo se yon vyolasyon dirèk. Mezi byen rapid yo pral pran pou rezoud sitiyasyon an, tankou rele 911. Anplis, yon aksyon lajistis pral tanmen.

Sispansyon sèvis la pa pral enpoze pou sikonstans endepandan volonte ou, tankou yon ijans pèsonèl, yon maladi britsoukou oswa ki agrave, anilasyon travay yo oswa modifikasyon orè travay ou.

Nan ka sispansyon, ou pral resevwa yon mesaj k ap gen ladan l dat ou pa t prezante yo anilasyon an reta oswa anilasyon nan pòt la, epi yon fòmilè apèl. Mesaj la ap endike dat sispansyon an efektif.

Ou pral gen 14 jou pou fè apèl pou sispansyon ou an. Si ou pa fè apèl, sispansyon an ap kòmanse nan dat ki endike nan mesaj la.

Longè Sispansyon yo

Penalite yo pral pwogrese yon ane sivil. An janvye chak ane, tout vwayajè yo pral gen zewo penalite.

  • Premye penalite: 5 jou sispansyon

  • Dezyèm penalite: 7 jou sispansyon

  • Twazyèm penalite: 14 jou sispansyon

  • Katriyèm penalite: 30 jou sispansyon

  • Senkyèm penalite: Ekip direksyon Pathway Resource Center a egzamine sitiyasyon an epi pran yon desizyon ka pa ka selon gravite abi an.

Anbakeman avèk yon aparèy mobil

Tout Driven 2 Success Far Eastside Get A Round yo gen yon leve moun ki reponn ak nòm ADA yo.


Chofè yo kapab ede itilizatè yo manipile èd pou mobilite nan bis lan ak nan zòn sekirite chèz woulan yo epi asire aparèy la an sekirite avan yo deplase bis la.

Règ Kondwit Vwayajè Yo

Vwayaje yo dwe evite:

  • Tande mizik byen fò oswa aparèy elektwonik avèk oswa san kas.

  • Konpòtman dezòd, gen ladan l pale byen fò nan telefòn.

  • Joure byen oswa pwofane.

  • Mande sèvis oswa favè.

  • Fè remak menasan oswa agresif.

  • Touche yon lòt moun yon mannyè brital oswa san konsantman.

  • Refize rete chita oswa tache kòrèkteman senti sekirite li a.

  • Kondi sou enfliyans alkòl oswa dwòg ilegal.

  • Jete fatra nan bis lan oswa degrade materyèl la oswa enstalasyon yo.

 

Vwayajè yo dwe:

  • Tout vwayajè yo dwe swiv enstriksyon chofè a, espesyalman nan ka ijans.

  • Si sa nesesè, mande yon moun pou resevwa yo nan moman yo rive a.

  • Sipèvize timoun yo toutan.

  • Selon lwa Leta Indiana, timoun ki gen 7 lane oswa mwens yo dwe gen yon dispozitif pou kenbe yo pou timoun yo oswa chèz sekirite.

  • Kenbe nòm akseptab ijyèn pèsonèl yo.

  • Yo egzije yon rad kòrèk toutan, gen ladan l yon chemiz, yon pantalon, iswa yon ba pantalon ak soulye.

  • Se yon sèvis transpò pataje, sa ki siyifi gen lòt itilizatè yo kapab pase pran oswa depoze yo avan itilizatè rive nan destinasyon li an.

Fimen

Dapre òdonans vil la ak Lwa 1149 Smoke-Free Air, yo entèdi pou fimen, gen ladan yo sigarèt elektwonik ak vap yo, entèdi nan bis Driven 2 Success Far Eastside Get A Round yo.

Manje ak Bwason yo

Manje ak bwè pa otorize nan bis Driven 2 Success Far Eastside Get A Round yo. Si w ap soufri yon maladi, tanpri enfòme chofè a oswa responsab orè a pou mande yon modifikasyon rezonab. Aliman ak bwason yo sele epi anbale kapab transpòte men pa konsome nan bis yo.

Bèt sèvis yo

Bèt asistans yo ak bèt ki nan yon kaj transpò yo, yo otorize nan bis yo. Selon Americans with Disabilities Act 1990, yon bèt asistans defini tankou "yon chen gid, chen siyalizasyon, oswa lòt bèt ki drese endividyèlman pou fè yon travay oswa tach pou yon moun ki andikape"49 CFR 37.3". Nenpòt bèt ki itilize kòm mwayen prevansyon oswa pou pote yon soutyen emosyonèl, byennèt, konfò oswa konpayi se pa yon bèt sèvis. Bèt asistans yo dwe kòrèkteman drese, swànye epi byen trete. Kontwòl konpòtman bèt asistans lan se responsabilite mèt bèt la.


Yo dekonseye pou bèt asistans yo monte nan asansè yo. Ke yo, pat yo, tèt oswa ekipman yo a kapab kole nan mekanis levaj la epi lakoz bèt la blese grav.


Bèt ki pa bèt sèvis yo pa otorize nan bis Driven 2 Success Far Eastside Get A Round yo.

Objè Pèsonèl yo

Tout objè pèsonèl yo dwe jere yon mannyè otonòm pa vwayajè a. Objè pèsonèl yo dwe kapab plase sou jenou ou yo, anba chèz ou an oswa jis devan ou nan bis la. Timoun yo p ap kapab vwayaje avèk yon pousèt. Pousèt yo ak charyo vid yo dwe pliye epi ranje. Charyo a, si li chaje, li dwe rete sou kontwòl vwayajè a epi pa rete pasaj la.

Atis sila yo entèdi nan bis "Driven 2 Success Far Eastside Get A Round" yo:

  • Eksplozif yo.

  • Kouto (Zouti pou koupe ki nesesè pou travay yo otorize).

  • Batri machin yo (Ekipman ki apwouve pa ADA yo).

  • Boutèy gaz konprime (Ekipman ki apwouve pa ADA yo).

  • Rezèvwa Estokaj Gaz yo.

  • Zam pa otorize nan yon bis Driven 2 Success Far Eastside Get A Round.

Ou kapab vini ak yon respiratè, oksijèn pòtab ak/oswa lòt ekipman sekou si yo pa vyole lwa oswa règ ki gen rapò ak transpò materyèl danje yo.

Règ Kondwit Chofè

Tout chofè Driven 2 Success Far Eastside Get A Round yo gen responsabilite pou:

  • Trete vwayajè avèk respè.

  • Dwe gen inifòm.

  • Rete nan "liy vizyon" bis yo a.

  • Kenbe orè sèvis yo atribiye ak yo a pou fasilite tout itilizatè yo.

  • Ede tout pasajè yo antre nan bis la epi soti.

  • Asire transpò an sekirite.

  • Kanpe ak tout pasaj a nivo yo.

  • Kenbe nòm akseptab ijyèn pèsonèl yo.

  • Bay enstriksyon ak vwayajè yo nan ka ijans oswa evakyason.

 

Chofè yo pa otorize:

  • Antre nan rezidans prive yo.

  • Asire asistans ak vwayajè yo pou swen pèsonèl yo.

  • Leve oswa pote pasajè yo oswa chèz woulan yo pou monte oswa desann mach yo.

  • Ale nan valiz oswa bous yon vwayajè.

  • Modifye destinasyon yon trajè rezève.

  • Aksepte tep.

  • Itilize yon telefòn selilè pandan y ap kondi bis lan.

  • Tann yon vwayajè pou yon fè kòmand sof si sa nan orè a.

  • Deplase yon chèz woulan elektrik lè y ap touche bouton kòmand lan oswa mete l sou mòd manyèl.

Chofè yo kapab:

  • Ofri yon bra estabilizatè oswa konsèy oswa yon asistans apwopriye ak pasajè anbilatwa yo lè y ap mache oswa itilize eskalye yo.

  • Ede pou manipile yon chèz woulan manyèl nan asansè a, si sa nesesè.

  • Asiste yon moun ki sou chèz woulan manyèl jous nan pa pòt la sou twotwa yo, kanivo yo oswa teras sekirize yo toutotan bis lan sou zye operatè.

  • Ede pou yon maksimòm 2 valiz mache alimantè oswa sachè menm gwosè a soti nan bis la rive nan pòt vice versa.

  • Ede yon vwayajè rann li nan pòt pase pran an oswa depoze vwayajè a epi retounen. (Operatè a pa kapab antre)

  • Founi nenpòt asistans rezonab nesesè.

Te pèdi epi te jwenn

Driven 2 Success Far Eastside Get A Round pa pran okenn responsablite pou atik ki pèdi nan bis la. An jeneral atik ki pèdi yo epi yo jwenn yo disponib nan pwochen apre midi ouvrab la nan Pathway Resource Center ki chita kò l nan 10119 John Marshall Drive, Indianapolis, Indiana 46235.


Pou verifye si atik ou pèdi a yo te jwenn li anndan an, tanpri kontakte yon Pwogramatè nan 317.890.1624. Pou reklame afè w la, ou dwe vini an pèsonn ant 9è nan maten pou rive 4è nan apre midi, soti lendi pou rive jedi, bay yon deskripsyon klè sou objè a, prezante yon pyès idantite ki gen foto w epi siyen yon etikèt reklamasyon objè avèk non w, adrès epi nimewo telefòn ou.Objè yo te jwenn yo pral konsève pandan yon semèn sèlman.

Sekirite

Bis Driven 2 Success Far Eastside Get A Round yo gen ekipman odyo ak videyo siveyans.
 

Tanpri siyale pèsonèl nenpòt konpòtman sispèk oswa ilegal oswa tout objè ki rete san siveyans. Pou fè yon rapò, pale ak yon chofè oswa notifye fòs lòd yo.

Kòmantè kliyan yo

Driven 2 Success Far Eastside Get A Round jere pwogram li yo san li pa baze sou ras, koulè ooswa orijin nasyonal, laj, sèks oswa andikap, selon tit VI lwa sou dwa sivil 1964 (Civil Rights Act). Si ou kwè ou te viktim pratik diskriminatwa akoz ras ou, koulè oswa orijin nasyonal, o kapab depoze yon plent ofisyèl. Pou plis enfòmasyon epi pou depoze yon plent, vizite
www.driven2success.info, Pathway Resource Center nan 10119 John Marshall Drive Indianapolis, Indiana 46235 oswa rele nan 317.890.1624 soti lendi pou rive jedi ant 9è nan maten pou rive 4è nan apre midi. Driven 2 Success Far Eastside Get A Round byen akeyi kòmantè itilizatè yo ak kominote a.

bottom of page